Poukisa chen jape lannwit?

Anpil bagay ka lakoz yon jape lannwit jan nou di w,li gendwa pat gen yon bon edikasyon lèl te piti,sa ka rive lannwit yo pi aktif
Gen lot rezon ki ka fè sa tou ,tankou:
Sil bezwen antre nan kay la
Sil te rete ap dòmi oubyen jwe deyò a epiw vin fèmen pòt ou bliye l sa ka fèl jape san rete paske l bezwen pouw ouvri pou li
Pafwa se atansyon li vle w ba li
Li ka jape paske l santil sèl,sa ou ka edike l poul konprann se pa chank tan lap kab ak ou
Li ka anwiye
Si chen w la santi nwi,li pa jwe,ou dwe chache rezon ki fèl sa pouw ka jwenn yon solisyon,siw pa jwenn li ou oblije cheke yon veterinè.
Chen an jape lèl anfas danje
li ka jape lannwit siw wè yon danje,entesten pwoteksyon l fèl rive jape
Li jape pou yon avètisman
Nan anpil okasyon yo jape pou yon menas,yo ka santi yon bwi enkoni,pafwa w pa tande l li menm wè tande plis ke nou,li jape poul fèw santi gen yon bagay kap pral rive.
Pafwa yo wè sann pa wè
Moun toujou ap di sa,men se yon reyalite paske syantifik yo pwouve l,otomatikman bèt la santi presans lan ,lap jape san rete nan yon sèl direksyon kote l wè bagay la.