Trik senp ak natirèl pou pye sèk ak fann

Tretman nou pote pou a senp ak fasil pou fè lakay ou ak remèd sa pye yo ap vin swa ak soup
Engredyan
4 a 5 lit dlo tyèd
2 gwo kiyè bikabonak
Lwil kokoye oswa krèm idratan ki gen gliserin
Yon wòch pye
Lwil lavand esansyèl
coconut-oil-2535395_960_720
Preparasyon
Melanje bikabonak ak dlo a,bwazel jiskaske l fonn,poul ka gen yon sant mete yon ti lwil lavand oubyen nenpòt lwil santi bon men ki idratan,tranpe pye a nan dlo pou 15,20 minit apre itilize bwòs la pouw foubi zòn ki gen fann ak sèk yo.
Lèw fini pase krèm idratan oubyen lwil kokoye antre chosèt koton nan pye w pouw ka kenbe l imid ,tretman sa fèt anvan w dòmi paske fòk ou dòmi ak chosèt.
Fè remèd sa 2,3 fwa nan semèn nan,lè pye w fin bon,ou ka fè sa 2 fwa nan mwa.