Benefis po fig mi

Po fig mi gen anpil vitamin B12,B16,manyezyòm ak potasyòm ,se yon bagay nou pata dwe jete,menm siw wè li yon jan dwol,men li gen anpil benefis.
1. Blanchi dan
Fwote po fig mi nan an,fè sa chak jou nan yon semèn wap we rezilta ak fè diferyans lan
2. Anti-akne
Li bon pou akne,pase po fig mi nan zòn ki afekte yo,fè sa chak swa anvan w dòmi
3.Redwi pli
Ou te konnen fig mi ka retire rid nan figi,wap jis fwote l bò je a,bò bouch,vitamin ak mineral yo ap ede rejenere selil kap fèw epi redwi rid yo.
accident-994009_960_720
4.Soulaje doulè
Ou gen yon kote ki anfle,ou ta renmen soulaje ?ebyen po fig mi bon pou sa,jis mete yon po fig mi kote ki anfle a,kite l pou 30 minit,doulè a dwe disparèt.
5.Mak marengwen
Marengwen te mòde w? si kote a anfle pase po fig mi sou li pou soulaje enflamasyon an ak anpeche lòt pike w
6.krèm pwoteksyon kont solèy
Lè wap mache nan solèy san krèm pwoteksyon,li ka kòz gwo pwoblèm nan je,pase po fig mi sou po je a pou anpeche katarat epi redwi pli anba je a.
Gen anpil lòt bagay toujou,jodia nou diw sa yo