Abitid moun ki pozitif

Yon fason senp pou kreye pèspektiv pozitif se poze plis kesyon enpòtan,sak bon an se tire yon leson nan yon bagay ou wè ki mal konvèti sikonstans nan opòtinite.
Kiltive epi viv nan yon anviwònman pozitif
Chwazi ak anpil atansyon moun wap bezwen pase jou ak li a,ak moun ou ye a,sa w wè,sa w tande,sa w li,pouw ka kenbe yon atitid pozitif li esansyèl pouw gen enfliyans nan viw kap sipòte w pouw pa antoure ak moun kap fè w fè bak.
Ale dousman: lè nal twò vit nou ka tòde ,panse rapid,pale rapid,wè rapid,se yon rezilta lavi estrès ak sipèrfisyèl.Jwenn abitid nan panse pozitif mande pou ralanti.
Kanpe – respire – Konsantre
Siw fatige w paske wale two rapid ,lèw santi panse negatif anvayi w,kanpe – respire – Konsantre fokis sou panse w
Pote pozitivite nan anviwònman w
Saw bay se sa wap resevwa,si w bay p bagay pozitif ak optimis wap jwenn menm bagay la,jan panse ak jan w trete moun sa ap gen yon gwo efè sou jan w panse ak trete pwòp tèt ou.
Mennen yon vi ansante
Fè egzèsis chak jou,dòmi,manje byen,sa ap kenbe kò w a ansante ak lespri w klè,wap gen enèji pou ka kontwole panse pou ka detekte lide negatif.