Bon abitid

Kiltive yon bon abitid pa yon bagay ki senp paske vye abitid yo pi fasil pou fet.Nou pral pataje kek konsey ak ou konsa wap kiltive yon bon abitid pi senp san w pap oblije kitel chak tan w komanse.
Chache konnen poukisa ou vle kiltive abitid sa a ak ki benefis lap pote pou ou
Si w pa gen yon rezon kle ,lap difisil poul fet ,idantifye rezon ki few anvi chanje abitid la,chache sak pou fe pati nan vi w
Bay tèt ou defi pou sèlman 21 jou
Fe abitid kite paret pi difisil pouw pandan 21 jou,se ap yon tan pouw rive adopte yon nouvo abitid ,yon fwa nouvo abitid la kiltive apre 21 jou sa a lap pi fasil pouw kenbe.
Reseve yon jou pou tet ou
Lew pa jwenn anyen pou fe,li tap bon pouw komanse pratike yon espo oubyen al flanen kouri ki ap itil ou pou lavi,ou paka ap viv sanw pa fe espo.
Idantifye konpòtman ki pap ede w kiltive nouvo abitid la
Yon lot bagay ki ka fe yon moun pa kiltive yon nouvo abitid kap bon pou vi l se konpòtman egzanp siw vle leve boneu epi ou kontinye ap kouche ta ou pap janm ka leve boneu,wap bezwen pou domi boneu pouw ka leve boneu se yon bagay senp retire vye konpòtman pouw ka rive kiltive bon abitid.
Prevwa pwoblèm ki ka pwezante
Se yon bagay nomal wap jwenn nan wout sikse,lew komanse yon rejim se jou sa menm yo fe manje w pi renmen an se yon prev pouw avanse ou dwe fokis sou saw gen pouw fe prekosyon an se evite tout saw we ki ka mete w nan pwoblem.
Swiv abitid ou
Swiv bon abitid ou konsa wap rive se yon responsabilite ,pa bliye pran 21 jou pouw komanse yon abitid nouvo ,bon siw ka ekri chk saw gen pou fe lap pi bon toujou konsa wap fe youn apre lot san w pap menm rann kont abitid sa a ap vin yon woutin pu ou.