Chen ka manje ze?

Bay chen bon manje se benefis pou li ak ou menm konsa li pap malad ni mouri anvan lè,nou dwe alimante bèt la byen epi ekilibre poutet sa wap bezwen konnen ki manje ki bon pou li ak sak pa bon,depiw gen chen lakay ou oubyen lot bèt fok ou toujou ap fè rechèch

Gen yon manje anpil moun ap mande eske chen ka manje ze?
Repons lan ze se yon bon pou chen,li konplete eleman nitritif yo.Nou pral diw benefis po,blan ak jon ze a gen pou chen
Li gen anpil pwoteyin
Asid amine
Li rich nan bon grès
Vitamin ak mineral
IMG_7890
Se yon sous vitamin A,B konplèks
Li gen elenyòm, fè ak kalsyòm
Ou wè se yon manje ki konplè pou chen w lan

Kijan poum bay chen mwen an manje ze epi chak kilè?
Nou ka bay chen an manje ze kri,men nap bezwen lave l byen,bouyi,ak diri,men pa bliye san sèl tout sa wap ba li
Ou ka bay chen an 1 ze 2 fwa nan semèn nan,si chen w lan malad konsilte veterinè anvan w ba lil
img_46513_apa_289167_600