10 bagay pratik ou ka fè ak vinèg

Nou jwenn 10 bèl bagay ou ka fè ak vinèg blan
Retire gras dlo
Pafwa w konn wè mak blan bò lavabo a,ebyen yo ka sòti siw mouye yo ak vinèg
Retire etikèt
Vè sa w sòt achte a epiw paka fin retire etikèt la ladan kote l pral benefisye likid ou pral mete nan vè a
Netwaye po vit
Siw bezwen netwaye yon po kite gen mayonèz,konfiti pou mete lòt bagay oubyen retire sant sa yo te gen anvan,mete yo tranpe nan vinèg pou kèk minit,apre lave l byen sant lan ap sòti.
Netwaye vit
Bwaze 1/4 tas nan yon tas dlo lap ede netwaye vit ak glas san l pa kite tach
salt-2618769_960_720
Yon plant ki pa bon
Siw gen yon plant ki kontamine pou evite lòt yo detwi vide vinèg ladan,konsa wa sove rès jaden an
Orevwa foumi
Simaye vinèg nan lwen fenèt,pòt tout ti kwen ou wè foumi ap sòti,konsa wa evite envazyon
Si myèl pike w
Vinèg ka ede w apre yon myèl fin pike w,tranpe koton nan vinèg la epi pase l kote w pike a
Elimine tach deyodoran
Mak anbarasan sa yo ap disparèt siw fwote l ak yon ti vinèg anvan w lave l
Sant fatra
Retire sant fatra nan poubèl,mete l tranpe 30 minit apre rense l ak dlo frèt
Netwaye linèt
Yon gout vinèg sèlman kont pou fèl briye
Gen lòt bagay ou konn fè ak vinèg?pataje l ak nou