Poukisa chat toujou ap kite lakay yo?

Lè chat yo sove konsa yo retounen sou 2 ak 3 jou pou anpil tan,li pa gen entansyon pou l kite kay la nèt.Plizyè rezon ka fè yo kite kay la,sa n pral diw jodi a se rezon ki pi komen yo.

Kiryozite

Lè yo ale pou rezon sa ,se pou yon titan selman se jis yo te wè lòt chat oubyen yo bezwen konn sak deyò a

Chache menaj

Lè chat la anvi se yon bagay nòmal poul sòti al chache mal,li atantif lèl kòmanse anvi poul ka sove

Chat mwen an ale li pa retounen.
cat-195256_960_720

Menm si chat renmen sòti ,men se bèt nan kay li ye,yap retounen kanmenm,yo toujou vle retounen pou yo dòmi ak mèt yo.Si w wè zanmi w lan pase plis tan deyò oubyen ou boulvèse lèl sòti ou pa janm jwenn li,nan tan sa a gen anpil bagay yon moun ka mete sou bèt pou idantifye yo tankou:microchip,kat idantifikasyon kote ki gen non l,non mèt li ak nimewo telefòn.

Si chat ou a fè plizyè jou deyò ,ou pa konn sa pouw fè pou jwenn li ,mete yon katèl ak foto l epi nimewo telefòn ou,kòm rezo sosyal alamòd ou ka fè mesaj la pase sou paj ofisyèl ki gen anpil moun ladan.

Pa bliye kote ki gade bèt ou pa janm konnen yon moun ka jwen li pou ou epi mennen l la,vwazen yo ka ede anpil nan bagay sa ,mande yo si yo pa wèl.