Diskisyon yon koup kè kontan konn fè

Lè nap pale de yon koup kè kontan nou pa janm panse si yo ka janm gen pwoblèm nan mitan yo.Konnen ki sa diskisyon.Ou pral dekouvri sekrè,onètete ak kominikasyon.
Kijan yo konpote yo lè youn menm pa sou san yo
Kè kontan se pa yon bagay ki konstan pou kèk rezon gen bagay ki afekte jwa a,anpil bagay ka pase lè nou pa sou san nou
Abitid la ka chanje konplètman
Ou ka pa vle ak okenn moun
Nou bliye kèk detay
Nou bliye obligasyon n
Nou plis vle kòmanse yon diskisyon
Distribisyon travay nan kay
Lè nou pran dezisyon poun viv ansanm,youn nan diskizyon moun sa yo konn fè se kiyès kap fè travay nan kay,anplis pou evite,malantandi ak pèt tan,pout òganize n pi byen.
Lè paran yo ap vin vizite n
Pafwa moun yo konn pè pou bèlmè a pa vin bay pwoblèm oubyen mete yo nan diskisyon,sa rive lè moun nan pa vle pou moun vin gate kay yo,men degre estabilite ak konpreyansyon koup la simonte tout bagay sa yo jiskaske yo rive pran yon solisyon.
Ansyen menaj ou ap pesèkite w
Presans moun sa ka afekte nouvo relasyon w,sa konn gwo diskisyon nan fanmi an si moun sa ap plede parèt,lè menaj ou ap mande w enfòmasyon sou sa ou pa dwe:ignore l,kite kote l kanpe a,eseye trete sa.
Enpòtans nou bay ak rezo sosyal
Entènèt vini li dil pa prale,li bon se vre anmentan li bay pwoblèm nan koup piske se pa tout moun ki konn kijan pou yo jere sa