Yoga nan fanmi pou redwi enkyetid ak estrès nan timoun

Nan ka enkyetid,nan jou sa yo li ogmante anpil nan timoun piti ak adolesan yo,nan tan teknoloji ap avanse paran yo vin absan,preske pa gentan pou timoun yo,gen bagay pou w pa janm bliye toujou enstwi timoun yo nan titan w genyen an,edikasyon fanmi se gwo zam.Gen bagay natirèl ou ka fè,bagay sa yo ap grandi relasyon fanmi an,fè yon espas pou tande,respekte opinyon timoun yo,se yon bagay ki pou fè nou pi pwòch,yon jan pou n distrè n ak timoun yo se prepare yon aktivite kote tou moun ap ka jwi ansanm.
Lide a se pou paran yo sispann plenyen pou timoun yo kap woule ate,se pou nou ri ansam,abwaze,montre lanmou youn pou lòt pandan nap jwe.
Benefis fizik: Premye bagay ki enpòtan se pou fanmi w ak ou santi yo byen yon fwa yo kòmanse pratike Yoga,chak pozisyon dwe ogmante fleksibilite ak fòs nan kò a,fè sa n pat menm ka fè lontan,sante fizik la ka amelyore,yon bon sikilasyon san ak devlope fonksyon nan sèvo gras ak konsantrasyon ki nesesè.
Young girl doing yoga

Benefis emosyonèl:Lè wap travay ak mari,pitit ou sa a fè w santi w byen,valè ak respè ap ranfòse,konsa timoun nan ap kòmanse aprann ak konprann sak bon pou li depi lè lap grandi,sa ap ap pèmèt timoun nan devlope senpati,bon kalite pou yo ka rive konprann ak viv nan lapè ak lòt moun.

Konfyans:Sa se yon lòt benefis ki aktive Yoga,pratike egzèsis sa ak fanmi se ogmante konfyans chak moun,valè sa enpòtan nan vi timoun yo depi piti.kote yap kapab koute,konprann pwòp bezwen yo epi toujou gen konfyans pou reyalize objetif yo.
Pa neglije fè egzèsis ak timoun yo.
Profile view of a healthy young African American guy doing stretching exercises on a yoga mat