Kijan w ka anpeche chen pipi nan kay?

Si nan premye semen yo ou paka kontwole chen an kap pipi tout kote nan kay la,se pa anyen se jis li bezwen pouw aprann li,siw pa montre oubyen abitye l yon kote pou l pipi lap toujou fel menm kote yo.Renmen l ak pasyans epi komanse edike l pou l pa pipi nan kay la,kote lap gen pou fe sa se nan lari oubyen lakou,sa depan de chak kay.

Chen yo pipi se pou yo make teritwa yo,sa ka rive ou jwenn pipi l plisye kote pou l ka make zon li.konsa chak jou wap we l fel menm kote a,nan ka sa se kreye kek bagay pou l pa pase kote sa yo anko,gen remed natirel ki ka ede nan sans sa tankou ji sitwon ak 2 tas dlo oubyen siw vle tou poud piman kote lap plede pipi yo,lap pran sant sa yo ap nwi l li pap retounen pipi la anko.

parto2

Yon bon jan pou aprann chen w lan fe pipi se mete yon jounal oubyen yon twal yon kote epi lel pral pipi mete l sou li,le w mete sou li dil se la poul pipi sil gentan gen laj pou l pipi mennen l nan lari poul al fe l tanzantan lap fin aprann li pap janm fel nenpot kote anko.

Nou konnen tout chen pa menm ras si se yon ti chen ou genyen,wap gen pou bal plis atansyon paske blad pipi pi piti ke gwo yo,wap bezwen pou w fel soti deyo plis ke gwo chen yo.le w fenk genyen li pap kapab soti nan lari paske li poko ap gen tout vaksen li yo,nan ka sa wpa bezwen pran swen l tankou yon ti chak mete yon katon ki gen sab aprann li pipi ladan.
Chen pa moun,men yo gen vi an aprann renmen ak ba yo swen konsa lavi va souri pi bel pou nou.