Timoun ki depann sou manman yo

Gen anpil bagay pou ede manman yo kounye a sou entenet la,se depi piti poun korije ak retire kek defo timoun nan pap kap viv ak li nan sosyete a,li pa oblije domi ak ou depi piti,gen atik kap ede w pou w konn sa pou w fe pou l pa kriye pou separasyon an.Nap viv nan yon mond jodia kote moun preske pa vle ede,nou pa bezwen diw pou yon gwo granmou depan sou yon lot,men gen pwoblem se depi nan baz,gen moun ki telman depan ,le wap gade l byen ou we se depi nan fanmi l li gate.

Sa baw pwoblem paske pitit ou two depan,pa ankouraje l nan sans sa paske demen li pap kab devan li pou kont li,yon moun ki depan sou yon lot moun ki paka fe anyen pou kont li se yon moun ki pa mati,ki manke konfyans nan tet li,se vre gen moman timoun nan ap bezwen w,men nan moman li kapab pou kont li se kite l fe tout afe l pou kol pandan wap voye je.
Thumbnail

Ou pa bezwen fose l sispan de ou,fe travay ou epi swiv kijan lap evolye,se pa yon bagay mal pou chak timoun respekte limit yo,gen manman ki konn toujou panse pitit la pa janm grandi ni gen lespri,pou jen yo pran pwop desizyon,pou ti bebe yo dmo aswe,kite lavi a swiv wout li,gen ti bebe kap domi manman ap jwe ak li,koul leve li di timoun sa pral nwi l san rann kont li te ka domi plis si yo pat nwi l.

Si w pa vle timoun nan pale ak moun li pa rekonte se byen,men aprann li fe diferyans ak moun li dwe fe konfyans ak sak pa merite menm diskob konfyans.Timoun bezwen grandi kote yo santi yo antoure,kouvri ak moun ki renmen yo,men pa janm kite pou yo deapnn,menm si se ti gason aprann yo fe manje,travay,menm jan ak tifi yo,konsa le yo gran madanm oubyen mari a di w mesi pou bon travay sa.Ou two renmen le timoun ou bo kote w ap fe tout sal ka fe pou kont li,se pa poul chita kwaze pye l epi ou menm wap redi,leve timoun yo pou yo pa depan ak fos,ranpli ak konfyans nan tet yo.