Tansyon wo:konsèy pou anpeche l ak trete l

Pou anpeche ak trete tansyon wo rete aktif chak jou: mache,monte bisiklèt, danse,fè aktivite domestik ki gen mouvman
1.Siw fè aktivite fizik entans chak jou,pa sispann jis cheke dòkte w pouw konn kouman kò a ye,eske w ka toujou kontinye nan menm nivel la.
2.Bat pouw kontwole gwose w paske sa ogmante risk pou maladi kadyovaskilè ak tansyon wo.
3.Pa mete sèl nan manje w,pa bliye ou gen tansyon wo epi pouw ap manje sèl,se mèt kò ki pwoteje l
4.Evite manje konsève ak nan lari ki gen anpil sodyòm,manje sak pa gen anpil sodyòm
5.Nan sa wap manje chak jou yo,mete fwi ak vejetal ladan
2010-10-15-02-26-40_848vegetables
6.Tansyon wo pa bay sentòm toutan.Se poutèt sa kontwole tansyon w tanzantan,nòmal la se gen yon valè ki anba a 140/90 (14/9) nan yon mo 120/80(12/8).
7.Pa kanpe sou medikaman doktè baw,siw gen dout mande l sa pou w fè
8.Kontwòl tansyon wo diminye risk maladi nan sèvo,demans,kriz kadyak ak domaj nan ren.Ou pral viv plis ane,ak yon pi bon kalite vi
9.Pataje yon vi ki an sante ak fanmi w
Mete ti konsèy sa yo an pratik ou pap regrèt