konsèy pou aprann koute lòt moun

Pa tèlman gen zanmi vre ke yon zanmi egoyis,trèt,nap pale san rete,youn vin ekprime l,menm rakonte sal viv tou,podyab pa gen moun ki bay sal di a valè.
Pwoblèm
Yon gwo erè w te ka fè se pa gade yon moun nan je lè lap pale ak ou,gade l ak atansyon,eseye konprann sal vle di,panse l ak santiman.Pa entèwonp li pouw ap bay detay kew pa menm gen prèv pafwa.
Lòt pwoblèm nan se inyorans,vye panse,kominike nan moman w rankontre ak yon lòt se pa pou w manipile l,devlope yon lespri atantif ak senpatik.
listen-2840235_960_720
Dènye pwoblèm nan se aprann tande,ou pa dwe rete an silans sèlman,men tou,yon veso pou resevwa sa wap tande a,menm si se pa tout bagay kap fèw byen.Aprann obsève,limite emosyon w lè wap pale ak yon moun,rilask epi rilask moun wap pale a.
Antrene lide n,kòmanse ak timoun nou yo,si pa gen yon edikasyon depi nan ti laj sa yo,menm jan ou vle pou yo tande w lèw pale ou menm tou fè menm ti bagay la,aprann tande epi respekte opinyon yo,pap gen yon chanjman nan granmoun,timoun jodi,granmoun demen,timoun yo tande sa nap di yo ak atasyon se poutèt sa nou dwe kòmanse bonè ak fwi sosyete a.Yon moun ki konekte ak tèt li,ki bay lòt valè ap mache nan bon chemen.Gendwa se reseptè sa nou bezwen nan yon mond plen ak bri ak plizyè koulè visaj.