Pwoteje soulye nou konsa nou pap nan achte fasil

Paske anpil fwa nou antre sòt travay ak anpil fatig nou tire yo nenpòt kote. Soulye a te mèt pi gwo mak ki egziste depi w pa byen pwoteje l lap kraze pi rapid. Dezenfekte yo pa kite yo anba kabann nan pousyè.

Evite achte soulye ak sandal ki trò piti pou ou dwèt pye w ap chire yo. Pou soulye a fè w tan ou sipoze mete l yon kote ki pwòp ,ki pa gen imidite ,konsa ou ka kite l nan bwat li vini an.