Kouman pou detekte kansè po?

Po a konpoze de twa kouch.Epidèm nan se kouch ekstèn,ki gen selil fondamantal ak eskay,nan epidèm nan nou jwenn melanosit,sa yo se selil ki gen pigman yo pèmèt po a bwonze,anplis yo pwoteje kouch ki pi fon yo nan ekposisyon solèy.

Nou jwenn dèm nan anban Epidèm nan,li gen veso sangen,tisi konjonktif,glan swe,cheve,elatriye.Kansè sou po rive lè gen kwasans enkontwolab nan selil ki pa nòmal nan youn nan kouch po yo.
Gen twa kalite kansè po komen,ki fè diferans ak kalite selil ki afekte a.
sunburn-2117353_960_720

Kansè nan selil bazal yo pi komen nan tout kansè po,stil kansè sa yo anjeneral pa pwopaje,men yo bezwen trete,pifò fwa li devlope anban po ki ekpoze twòp nan solèy,li devlope nan kouch epidèm lan,atansyon sil pa trete byen lap pwopaje epi lap tiye moun nan

kwasans ki pa nòmal nan selil melanosit yo,ap pwodwi yon kansè ki agresif anpil paske byen rapid li ka pwopaje nan tout kò a ansanm ak lòt ògan,li ka pwodwi lanmò sil pa detekte depi nan kòmansman.Yon ekspozisyon pwolonje nan solèy ogmante risk pou devlope kansè po.
Menm si yon moun pase pwoteksyon solèy fòk li toujou repase l apre yon titan pou w asire w efè a toujou la