Bwat soulye pou sere souvni

Yon bwat soulye itil pou sere anpil bagay,li bon tou pou sere foto,lèt ak kat anivèsè,nwèl.Ou wè janl bon pou sere ti objè men ki gen gwo siyifikasyon.Yon bwat soulye ka sere sekrè ki pi etonan pou yon fanm.Nap bezwen achte bèl papye pou dekore bwat la poun ka fèl pi bèl toujou,yon moun ka mete ti fèy sèk santi bon ki vin nan ti sachè”Spa”poul ka toujou gen bon sant konsa nap transfòme yon bwat soulye vid nan yon bèl bwat souvni epi se yon jan tou pou n fè resiklaj ki enpòtan anpil nan jou yo.

Yo ka kon yon fi sou sa lap sere,yap wè sil santimantal,romantik,dezòdone,disipline e menm ou ka konnen sekrè li yo.Jis ak sal genyen nan yon bwat soulye senp reflete sansiblite ak kreyativite.
caja_0020_regalo_0020_rosa[1]
Yon bagay nou ka asire pa gen okenn fi kap sere yon bwat soulye poul gade areye, pinèz, krapo oswa koulèv,medam yo renmen sere bèl bagay ak bèl souvni,konsa fil,egwi tou,men pafwa medam yo gade areye, pinèz, krapo oswa koulèv nan kè ki reprezante:rayi,dezi pou tire revanj,santiman anmè,men li tap pi bon poun gade nan kè n sèlman bèl bagay,anpil renmen,bèl souvni,bèl santiman,leson lavi,elatriye.Se pou nou tire jete tout krapo ak pinèz sa yo pou lespri n ka rete lib ak bèl bagay,si ke nou sere bagay pozitif lap reflete nan figi nou epi nap pi pre Bondye tou ak yon kè pwòp.
Siw te konn jete bwat soulye depi jodi a kòmanse konsbève yo paske wap kap sere bèl foto ladan,ou pap rive ankadre tout foto,yon bwat soulye se kle ki pou ede w konsève yo.
images