Konsèy pou timoun yo ka pwogrèse plis

Anpil bagay pou yo aprann men tan kout,nou konnen mond nap viv kounyea fè etidyan yo anpil eksijans epi paran yo pa gentan vre pou ede timoun yo chak jou.sèl saw gen pouw fè pa kite yo fatige ni panse yo pa kapab,se pa sèlman yon pwoblèm matematik timoun yo genyen.
nou pral pataje kèk konsèy ki pral fè timoun yo aprann pi byen menm si yap fatige tou piti, men yo pap janm bouke etidye.
1.Level byen bonè men yon jan ki kòrèk:
fè yonn bon ti manje maten pou li ki ka aktivel tout jounen an.
anvanl domi bal bwè yon vè dlo kap edel.
pa kite limyè limen pandan lap domi.
pa kitel jwe ak telefòn 1 èdtan anvanl domi.
i-am-a-student-1412778_1280-825x510

2.Aprann li memorize pa fèl tuye tèt nan bat pa kè:
Li awotvwa kèlkeswa vitès la lekti se yon bon jan yo ka memorize.
mache avèk yo 15 a 20 minit anvanw kòmanse fè yo etidye sa pral edel memorize pi byen.
Sèvi ak dokimantè pou yo ka aprann tankou istwa,biyoloji.
lespri a aktive sèvo konsa vin gen yon bon konsantrasyon.

Portrait of a cute little boy sitting in library before books. Isolated over white background.
Portrait of a cute little boy sitting in library before books. Isolated over white background.

3.Sèvi ak materyèl vizyèl pou leson yo ka toujou rete nan memwa yo:
itilize yon makè koulè nan chak sa wap fè avèl, bat pou chak jou ou sèvi ak youn.
lekol
4.lè ki pi bon pouw etidye ak yo granm maten akòz jan sèvo a fonksyone.
Si w ap etidye 6:00 nan maten jiska 8:30 pèfòmans lan se 100%.
8:30 jiska 10:00 se 50%.
lannwit se 20%.
5.Aprann li itilize entènèt,entènèt se yon gwo zouti pou yon moun etidye fèl itilize “Google Academique” se yon bèl lide.
depositphotos_45205505-Father-and-son-browsing-the
Nou konnen ke sa fè yon ti tan ane lekòl la komanse men li pa janm trò ta pouw aplike teknik sa yo kap edew ak timoun yo ,konsa wap gen yon pi bon rezilta ke lane ki pase yo.