kòman pouw evite limon pran kay ou?

Depiw wè limon ou wè imidite ,yo parèt nan mi douch se dlo savon ki fè yo ,li ka pwodwi alèji nan nenpòt moun nan kay la oubyen asma.
pa kite yo anvayi kay ou ,menm siw pa gentan fòw toujou ap siveye sa ki pap mache byen nan kay la, sa ap edew pwoteje fanmiw plis toujou.
gen kèk bagay ou ka fè chak jou pouw ka evite limon pran nan kay la
1.mete yon vantilatè nan douch la li te mèt yon piti mezi gwosè douch la
2.lèw fin benyen limen vantilatè a kitel fè 45 minit
3.pran yon twal siye mi,pòt ak klas douch la lèw fin benyen.
FotoNo.2ventanbas1
4.gade pouw wè si pa gen kote dlo ap soti atè oubyen anlè douch la
5.kite vapè douch la soti wap jis kite pòt ak fenèt douch la ouvri
6.netwaye douch la 1 fwa nan semèn nan
7.pentire douch la ak yon penti ki pa trò klere lap edew konbat ak limon

aksyon sa yo senp men ou dwe yon moun ki aktiv nan kay ou pouw ka evite bagay sa yo pase paske limon bay anpil maladi.