Kisa k ap pase si mwen pa fè sèks nan yon ane?

Se yon bagay nòmal pou yon fi santil mal oswa anwiye paske l manke fè sèks;li posib pou yon lòt bagay nan lavi l pran plas sa a ki gen anpil enpòtans pou li.

Nou gen kèk egzanp kise travay,etid,anpil medam ki aktif nan lòt bagay pap menm rann kont si yo pa janm fè sèks,se pa paske yo pa bezwen non gen bagay ki vin pi enpòtan,ki lakòz,mwa,ane pase san yo pa fè sèks.
Which-Essential-Office-Support-Staffer-Are-You-810x540

Poukisa w pran tout tan sa a?
Anpil bagay ka fè sa a,gen fi ki di yo pa gen bezwen pou sa,yo ka viv konsa,men se nan lòt bagay yo konsatre yo ki fè yo santi yo konsa.

Yon lòt bò kòz moun nan pa fèl souvan,li vin yon abitid ,li santil byen konsa,li satisfè ak pwop reyalite l.gen anpil teyori,chak dwe analize dapre kontèks ak edikasyon.Yon egzanp gen moun ki fè l sèlman lèl gen mennaj,pa kwayans,represyon ak valè moral,vye souvni nan piti.Pafwa li konn yon vye ekperyans tou ki fè moun nan vin pran anpil tan pou fè sèks.

Siw fè yon lane ou pa janm fè sèks,reflechi byen pou w ka rezoud pwoblèm nan pouw ka jwi anbyans sa a san reflechi,konsa wap jwenn yon solisyon ki adapte ak bezwen w,konsa wa evite adopte abitid kap domaje sante fizik ak emosyonèl ou.
Crl7UfGW8AI4ctT