Gason pa itilize kapòt ak fi atraktif

Devan bote yon fi fòs gason tonbe,li pedi kapasite pou reyaksyone nan anpil bagay e menm rive bliye pwoteje tet yo.Yon etid konfime gason pa itilize kapòt ak yon fi atraktif se pa poul santil pi pwòch li,men pou anvi li genyen poul ekperimante relasyon seksyèl ak fi sa.

Gason redwi nivo kapòt yo ta sipoze itilize lè yo anfas yon fi atraktif san yo pa panse ak vi yo andanje,maladi pa ekri nan figi moun,vin gen plis riks pou maladi transmisib.
wallhaven-435384
Si pesèpsyon bote depan de chak gason ebyen se yon reyalite dezisyon pou itilize kapòt la afekte mesye yo,nan yon lòt ankèt yo jwenn moun ki pi bèl yo konsidere kòm mwens “danje” paske yo bay plis atansyon ak vi sèks yo.Kote dout la ye seke se sèlman 65% gason ki itilize kapòt regilyèman,dapre Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi.Gen yon pousantaj gason ki wo anpil kap fè sèks san kapòt.Sante w vo plis pase yon rankont aprann kontwole w anfas yon sitiyasyon emosyonèl.
Tout moun ka malad,menm moun ki pi bèl la,nou pa bezwen diw anyen ankò.