Eske w santi w konfonn ak siyal wap bay moun ou santi w renmen an?

Medam yo toujou ap voye yon ekip jes endirèk bay mesye yo renmen sa depan moman ,sikonstans gen jes ki pi paret ke yon lot ,men pafwa sa rive medam yo pa bay siyal yo jan sa ta dwe ye .Gen anpil atitid ki ka konfonn ou siw renmen moun nan dekouvri siyal ki pi komen kote w dwe pote atansyon se lide w se pou w konkeri moun sa. ou
1.Siw twonpe ou voye yon mesaj ba li pa erè,tout ka tonpe oubyen konfonn Konvèsasyon ,men si mesaj la te gen bagay pesonal ladan sa pa yon erè se pouw jis te ka ouve yon Konvèsasyon ak li.
2.Menm siw se zanmi moun sa ou toujou ap poze l kezyon sou vi selibatè l,ou toujou bezwen konnen sa kap pase nan vi l se paske w vle ak li,ou jis ap kreye yon espas konfyans.
3.Siw se yon fi ki vle ak li ou pap janm rejte envitasyon l ,anvanw dil ou gen pouw soti wap fè tout saw konnen pouw pa rate randevou l ba ou a paske rèv ou se pouw bo kote l.
4.Preske tout fi ap fè jès ak ko yo lè yap pale ak yon moun jiskaske yo rive menm jwe ak cheve yo,bagay sa yo plis parèt le yo anfas yon moun yo renmen,moun nan ap gentan we sa paske w pa anplas epi wap jwe ak cheve w.
5.Ou rankontre moun nan san atann ,menm kote a ou te gentan gen yon plan pou w soti ak li ,sa se yon lot siyal ki montre ou renmen lew pase tan ak li.
6.Siw wè w gen bon konpotman ak zanmi l yo chak jou wap pi pwoch yo se paske w vle gen bon koneksyon ak moun sa sanw pa rann menm kont.
7.Je yo di anpil bagay nou pata panse ak yon sèl rega ou ka wè si moun nan few santiw byen ,pote anpil atansyon nan moman wap fe yon bagay siw leve tet ou,ou we lap gade w wap gentan wel enterese ak ou tou sitou pou jan lap gade w la kounye w pral fou pou li