Benefis espò pandan gwosès

Ansent pa vle di chita ni malad ou ka bouje si doktè pa mete entediksyon,se yon benefis tou pou bote w,fanm ansent lan ap santi l pi ansante.tOUT Fiti manman yo ka antrene san pè.Fanm ansent ki toujou pratike egzèsis epi ki ansante adopte kèk sipo pou sante timoun nan pandan ko timoun nan ap devlope.

Pou fiti manman yo depi pa gen riks pou kenbe ko a anfom kit anvan,pandan ak apre akouchman se fè egzèsis,sa yo plis konsidere yon moun fè se mache,naje,pa leve fè ki lou.

Pou yon fi ki pa janm fè egzèsis lap gen pou fè egzèsis yoga,mache chak tan ak lè doktè a otorize,pratike aktivite fizik amelyore kondisyon kadyovaskilè ak miskilè,li favorize koreksyon posti epi evite moun nan gwo sak bay fi a yon bon kondisyon fizik epi yap ede yo akouche ak mwens risk.

Li diminye malèz dijestif ak konstipasyon,li ogmante byennèt sikolojik,diminye enkyetid,depresyon ak lensomni epi li kreye
yon vi ansante.

Depi nan alimantasyon yon fanm ansent dwe manje ansante,ekilibre ak kalite sak enpotan se bwè anpil dlo,fwi,vejetal,lèt,legim ak vyann wouj sitou nan premye mwa yo le ke timoun nan ak sistèm sikilasyon an ap fome.