Chen ka detekte gwosès?

Sa ka paret yon bagay tet cho,men si nap panse byen nou ka rive jwenn yon repons,chen yo pran sant lwen epi yo entelijan,ebyen li posib pou yo rekonet bagay sa.
Eske l posib pou chen detekte gwoses?
Gen anpil etidi ki pwouve chen gen anpil kapasite ki pi devlope pase moun tankou,le l pran sant,tande,nan yon mo nou ka di li gen yon” sizyèm sans “se menm jan pou lot bet ki pa detekte sitiyasyon menm jan ak nou.Nan ka yon desas chen an toujou santi l anvan moun nan detekte sa.Gen etid ki pwouve kote chen an ka santi si yon moun gen sik,kanse,pe ak atitid,sibstans danjere epi menm detekte moun ki mouri antere.Se anpil bagay chen ka detekte.
embarazo1
Se pa yon bagay etranj pou chen detekte si yon moun ansent paske yon santi chanjman omon nan gwoses.Pandan gwoses,oubyen nan komansman ko fi a soufri anpil chanjman omon,chen an menm li ka santi chanjman sa ak sibstans nan ko a tankou sik nan san sitou le chanjman sa yo enpotan.Li ka detekte sant,chanjman nan swe,dlo nan je, krache, san ak pipi.Nan moman jestasyon omon yo ogmante anpil konsa genyen ki diminye,bon gen chen ki menm santi le met li ap ovile.
Chen se yon gwo obsevate,li konn met li byen se poutet sa le vant komanse ap monte li toujou we sa,sak ede l konfime sa se zorey li ak je l,le chen an apiye tet li nan vant yon fanm ansent li santi mouvman,tande batman apre kek semen asent tout bagay sa yo konfime chen an ke fi a gen yon pitit lap pote,se pa sel chen chat yo tou ka detekte si yon moun ansent.menm jan li santi gwoses la se konsa li konnen lel pral akouche.

Recetas de zumos para refrescarnos el verano

¿Un alimento se puede recongelar?

20 usos asombrosos del agua oxigenada que usted no sabía