Benefis dòmi byen

Jan nou toujou di w dòmi byen amelyore kreyativite yon moun,ranfòse sistèm iminitè ak fè po a bel konbine ak egzèsis, yon bon rejim alimantè ki an sante,se zouti pafè pou swen kò a.
Ede pèdi pwa
Anpil moun panse si yo pa janm domi ak ede yo boule plis kalori,men reyalite manke domi ogmante yon òmòn ki rele grelin ki fe w vin manje plis pandan w pa domi anpil,ko a ap plis gen difikilte pou l repare selil yo.Ak yon move nwit,55% pèt grès diminye.
Ogmante kreyativite
Dòmi aktive kreyativite nou, amelyore memwa,ede nan planifikasyon ak fè nou gen nouvo lide.Dòmi amelyore pèfòmans entelektyèl a 40%.Pa repoze,fè tet la pa anplas ak bliye.
Fè w pi bèl
Moun ki dòmi byen yo pi atraktif ak ansante pase moun ki pa dòmi byen.Genyen ki soufri lensomni oubyen yo pase tan san dòmi ap jwe nan telefon.Bote domi reyel,pandan nap domi respirasyon nou pi lan,sa fe selil yo oksijene pi byen,ki bon espesyalman pou po a.
Benefis pou kè
Yon bon repo lannwit asosye ak bon sante kadyovaskilè.Domi pi piti ke 8 edtan diminye 65% risk pou soufri maladi kè jiska 83% pou mouri ak yon atak.
Ranfòse sistèm iminitè
Moun ki dòmi plis èdtan gen plis konsantrasyon nan selil blan epi yo gen mwens enfeksyon,le nou malad nou bezwen repare defans nou,yon jan poun evite rim se domi byen.Sistèm iminitè yon moun ki repoze bay pi bon rezilta viris ak bakteri anvayi kò a.