Byen abiye lèn pral legliz

Nan tan sa gen yon ekip rad ki vini men se pa tout ki fèt pou legliz,nenpòt relijyon yon moun ye ou ta sipoze abiye byen paske ou pral devan Bondye se pa nenpòt bagay menm siw pa wèl.
Ki janw dwe al legliz sanw pa nwi moun ki sou kotew la?
Jip:fòn pa mete nenpòt jip pou nal legliz,gen kèk jip ki paka antre legliz pa di ou pap mete anyen pou moun men se devan Bondye ou prale,gen jip ki rive sou jenou,gen jip ki gen fan byen wo,gen jip ki parèt kle anpil menm siw metel ak kilòt nwa pow toujou parèt,lèn ale legliz se pou al bay Bondye glwa se pa pou nou al deranje moun ak san mete se poutèt sa nou dwe abiye nòmal san konplikasyon,siw pase 3 èdtan ak yon jip nòmal sou ou,ou pap gentan mouri paske gen moun ki pa renmen obeyi yo jis mete afè yo pou fè tèt yo plezi,anvan tou fòw fè Bondye plezi
Falda-Asos-e1357307309188

Chemiz:Se pa tout chemiz ki ka antre legliz sitou nan tan sa gen yon ekip chemiz jan yo fèt la pou tete fi a parèt gonfle pa anle ladan sa pa pou legliz,yon chemiz senp tap pi bon kòw se tanp Bondye ou pa dwe montrel nou pa bezwen diw pouw al legliz nenpòt jan,medam yo renmen stil chemiz sa yo anpil men yo pa fèt pou legliz,pa mete chemiz kòw parèt menm si manch li long men li transparan gen zye kap gadew.

Pantalon:Men si gen legliz ki kite moun ale ak pantalon men se pa tout pantalon ki ka antre legliz,yon patanlon twal oubyen yon abako ki pa twò sere plis fè sans pou legliz,gen pantalon moun nan pa menm ka chita dwat pou kilòt li pa parèt tèlman l sere.
Rob:Gen ròb ki parèt twò kout pou legliz,nou panse yon ròb ki bay sou jenou oubyen anba jenou,se ak yo yon moun ta sipoze al legliz paske lap pi alèz avèl poul ka chita byen sanl pa plede desan rad li.
Rad san manch:Menm si legliz la dakò moun ale ak nenpòt rad men pigaw janm bliye fòw pa pwofite pouw mete sak fèw plezi,mete yon rad ki nòmal,pa mete rad manch soutyen san anyen pa kouvril pouw al legliz oubyen rad sou do tete li te mèt nenpòt legliz la katolik oubyen protèstan.
model-1338986_960_720
Gen anpil lòt bagay ankò nou te ka diw men jodia nou vini ak sa yo sèlman,nou espere yon chanjman nan janw pral legliz,pa kite mòd mond lan ale avèn,bat poun toujou kenbe prestans nou gen bagay ki pa van nan mache.