6 konsèy pou w chwazi yon ròb pou aswè

1.Koulè: Fòw pran sanw pouw chwazi koulè rad wap mete a paske sa depan de koulè pow,medam ki pi kle yo se rad ki gen klere ladan yo kap fè yo byen aswè,lòt sak nwa yo se rad gwo koulè kap fè yo byen tankou:rouj,ble,jòn,gri,nwa
dress-186249_960_720
2.Longè:Sa enpòtan anpil pouw santiw byen nan yon rad se poutèt sa lè wap chwazi yon rad fòw mezirel byen pouw wè kòmanl ye souw,mezirel avèk soulye a pou lè jou a rive poul pa parèt ni twò kout ni twò long poul rete nan otè kew te vle a

meri wild
3.Kote aktivite a ap fèt:Rad aswè yo toujou long oubyen yo rive nan jenou sa depan ki kote aktivite a ap fèt paske yon rad long ou mete nan yon fèt se pa menm ak yon rad long ou mete bo lanmè chak rad gen kote pouw ale ak yo
sunflower-834992__340
4.Ki kalite aktivite:Pou yon maryaj aswè nou gentan konnen koulè rad blan long lan se pou moun kap marye a sèlsi yo ta di tout moun an blan ak tout sa ou paka mete yon blan long,si se pou yon fèt gradyasyon sa pral depan si se ou kap gradye a si non ou ka mete yon rad ki pa twò kout
daaca3373c
5.Twal la:Sa pral depan a kilè aktivite a si se aswè nèt oubyen apremidi,pouw pa chwazi nenpòt twal epa tout twal ki ka mete apremidi
woman-886026__340
6.Pasyans:San pasyans ou pap ka fè anyen paske pou jwenn yon ròb pouw mete aswè li pa fasil,rad la gendwa twò piti oubyen twò chè,se poutèt sa anvan lè a rive ou dwe al achte rad ou ta renmen mete a.
girl-803344__340
Siw pran tout bagay byen bonè ou ka pi bèl nan jou sa ke anpil moun.