AMELYORE VI SANTIMANTAL OU AVEK SENP KONSEY SA YO.

Konsèy sa yo ka ede w kenbe e amelyore relasyon santimantal ou.
Ou santi ke relasyon ou fret, li pa romantik? Si repons lan se wi, li se yon bon moman pouw reflechi epi pran aksyon sou sitiyasyon sa.  Menm si ou pa nan yon relasyon aktyèlman, men w ap panse nan komanse youn nan yon pi bon fason, oswa si ou pa vle relasyon ou ye kounyea pèdi cham li yo, konsèy sa yo ka ede ou kenbe oswa amelyore relasyon santimantal ou:

1 – Gade relasyon ou ak klète Se pat tout relasyon ki ka konsève, ke se amoure ou pa. Ou dwe kòmanse klè ak sitiyasyon an. Pa egzanp; Èske patnè ou derespektan? Abizan? Jalou? Èske ou ka natif natal ak patnè ou a? Relasyon an pote sa ki bon pou nou de? Ou dwe gen sa klè paske pafwa sa ki pi bon pou ou se pouw avanse sanw pa gade deye,oubyen pran desizyon pouw pran distans ou pou yon tan, oswa definitivma, pouw ka jwenn yon moun ki renmenw, respektew  janw meritel la.  

2- Gen kè kontan Anpil moun pase vi yo panse ke yapjwenn bonè yo lè yo jwenn lòt mwatye yo. An reyalite, kontantmanw soti nan pwòp tèt ou. Lè ou kontan ak tèt ou, ou plis  satisfè ak relasyonw ki dire lontan. Fè sa ki pote kè kontan ak satisfaksyon pou ou. Pa egzanp :yon plezi ke ou ta renmen nan tan lib ou, sòti ak zanmi, elatriye.

3- Kreye moman enteresan ak patnè ou Koup ki souvan angaje nan aktivite enteresan toujou gen pi gwo satisfaksyon  pase lot koup ki gen eksperyans sèlman nan plezi. Chèche bagay ki diferan ak enteresan pouw fè ak patnè ou, pa egzanp, espò ekstrèm, vwayaj ansanm, avanti, etc.

4- Konnen kisa patnè ou renmen Nou tout diferan, se konsa petèt fason ou renmen resevwa lanmou pou ou,  se pa menm  fason patnè ou renmen resevwa lanmou tou. Se poutèt sa, pouw amelyore relasyon lanmouw , ou bezwen konnen si patnè ou renmen kado, kontak fizik, bal tan, etc. Montrel ou renmenl jan li prefere a, epi pa bliye fel konnen ki jan ou renmen resevwa lanmou.

5- Rete lwen konpòtman danjere yo Si yon bagay fè yon relasyon pèdi tout cham li, se: move atitid, mepriz, kritik, malelve etc. Pou gen yon bon relasyon damou, konpòtman sa yo se yon obstak. Chèche fason konstriktif pou ou kominike.

6- Ou dwe atantif Fè sipò enkondisyonèl patnè ou. Atensyon asosye avèk gwo satisfaksyon nan yon relasyon,  paske li pèmèt ou rete pozitif  epi kenbe yon atansyon konstan.  

7- Tounen fanatik nimewo 1 li. Dapre kèk rechèch, fason nou reaji ak akonplisman patnè nou an,  ka ankouraje oswa detwi relasyon an. Montre enterè nan biznis patnè ou, ankourajel, sipòtel, fyètel lèl pataje siksè avèk ou. Sa pral bay  plis kontantman ak grandisman koneksyon nou.

8 -Kontak la enpòtan Depi nan nesans nou , kontak tounen  yon reyalite chak jou. Kontak ak dialog  gen yon lyen ak sipò, konfyans ak  sekirite. Yon moun ki resevwa afeksyon fizik pi pozitif nan relasyon an. Se yon pati ki vrèman enpòtan si ou vle amelyore vi santimantal ou.