8 sentòm yon moun ka santi yon mwa anvan atak kè

Gen pwoblèm sante ki grav anpil nan yo gen pwoblèm atak kè.Anpil fwa sin te koute ko no,nou tap evite kek maladi tankou atak kè li pa fèt jodia demen,kò a fè yon mwa ap avèti ou.
Si w nan sitiyasyon sa a, wè doktè w pi vit ke posib
1. Fatig
Se yon pwoblèm nou ka genyen fasil,san se pa anyen grav.Nou dwe pote atansyon ak sa,gen fatig ki pa menm jan ak yon lòt,sentòm sa plis paret nan fi,ou konn tèlman fatige ou pa menm ka travay menm jan ni fè anpil efò.
2. Doulè nan vant
Doulè nan vant sitou nan pati anlè a,kè plen,lestomak anfle,sa yo fèt kèk jou anvan atak la,se yon bagay posib paske li relasyone ak atak kè,doulè sa li pral plis siw fè aktivite fizik.
3. Pwoblèm dòmi
Pwoblèm dòmi ka relasyon ak maladi ke,youn ladan yo se lensomni,li toujou akonpanye ak enkyetid,manke konsantre,ou wè sa plis nan fi,siw gen pwoblèm kè ou ka dòmi apre sa ou leve nan dòmi san rezon.
4.Respirasyon ajite
Se youn nan lòt sentòm ki pwodwi plizyè mwa oubyen 1 mwa anvan atak kè a,nan pifò okasyon yo vètij,souf kout se konsa paske maladi sa afekte respirasyon an.
heart-attack-3177360_960_720
5. Pèt cheve
Si cheve a ap tonbe anpil se youn nan sentòm yo ankò,men sa plis rive nan gason,sa pa vle di li pa rive nan medam yo,lè se yon pwoblèm kè ,nou ka swiv devan tèt la tout won cheve a ap tonbe.
6. Ritm kè
Kè a pa bat menm jan,siw santi sa ou paka pase sou li nan medam yo se enkyetid,panik,ateroskleroz,takikardya ka rive apre egzèsis.Anjeneral,sentòm yo pase 1 a 2 minit ,sil fè 2 minit vètij ak yon feblès ka parèt.
7. Swe depase
Twòp swe,lannwuit kou aswe se yon lòt sentòm ankò,li pi parèt nan fi,fòk nou fè anpil atansyon.Anpil fi kwè se siy menopoz,sa pase nan gason tou,se yon swe frèt kole,li preske menm jan ak lè nou trape frèt,swe sa tèlman fò lè n kouche nou leve tout zòrèy la mouye.
8. Doulè nan pwatrin
Doulè sa pran fi kou gason,men li pi frekan nan gason,doulè sa ka kontinye nan bwa goch la,nan bò machwè enferyè a,gòj,kou ak lestomak.