10 konsèy bote pou sante po a

Pwodwi bote yo pote pwopriyete ki nesesè pou rejenere po a,men li enpotan pou nou bay yon swe espesyal natirel.
Lave figi a ak myel:Nan plas pou itilize savon oubyen pwodwi chimik pou lave fi w.Yon bon opsyon se aplike yon bon kantite myel nan tout figi a epi lave ak dlo tyed apre rensel ak dlo fret pou po yo ka femen.
Itilize dlo fret:Dlo cho a ka pote flaksidite ak sechrès sou po a,men dlo fret la tonifye po a,femen po yo ak konseve lwil natirel po a.
Sèvi ak yon sèvyèt mou:Le w fin rense figi w,seche l ak yon sevyet moun pa pase l fo,jis tapel
Aplike lwil vejetal:Lwil idratan,netwaye ak fe po a swa natirelman,nan tout nou jwenn lwil kokoye,zanmann,oliv
Evite alkòl:Konsomasyon bwason sa yo pwovoke dezidratasyon.Se poutèt sa,li fe po a sèk ak vyeyi twò bonè
Bwè ji natirèl:Fwi ak legim ji bay po a vitamin,mineral ak antioksidan ki estimile rejenerasyon ak pwoteje domaj ekstèn
Fè egzèsis:Bon abitid sa ede amelyore sante po a,selman 30 minit chak jou ap gen yon enpak pozitif sou po a
Fasyal:sa ap ede elimine selil ki mouri yo ki koz tach nwa oubyen lot bagay sou po a,melanje yon ti myel ak avwan,pase l tout figi a,bal yon ti masaj byen dousman.
Tonifikasyon:Itilize tonik se yon etap fondamantal nan nenpòt woutin bote.Pwodwi sa a ede rafrechi, yo fèmen po yo, elimine
grès ki twop ak konseve Elastisite po a.
Dezenflamasyon:Po je a gen tandans anfle souvan,oubyen yo paret fatige,mete kek bout konkonb nan frijide,epi mete l sou li