10 abitid ou dwe kite nan 40 lane

Si se yon moun ki nan laj 40 lane oubyen ou konnen yon fanmi,zanmi nan laj sa li tap bon pouw li ak atasyon konsa wa pran epi pataje ak lòt yo.Yon moun toujou ka viv ak lespri jèn nan laj sa,men gen bagay fòk li pran serye epi evite fè.
Pa bay dòmi priyorite
Se menm jan ak telefòn nan kò ak sevò a bezwen tan poul reyinisye.Adilt nan laj 18 ak 64 lane bezwen dòmi 8,9 èdtan chak jou,lèw pa dòmi ase ka ogmante rik maladi tankou:tansyon,obezite ak ACV.
Sote manje
Anpil moun panse pa manje nan maten oubyen yon jounen sa ka ede l pèdi pwa,sa se pa vre,lèw pral rezi manje a kò a pral mande anpil
Fimen 2,3 sigarèt
Menm siw ta pran pi piti dòz la ou fimen sa pral ogmante riks maladi ke kansè nan poumon
Pa bwè dlo
Dlo nouri chak grenn selil ak ogan nan kò a sitou po a,li bon pou yon moun dwe byen idrate sitou lè lap granmoun paske granmoun yo gen chans pou pèdi sans swaf la.
Evite pwodwi letye
Fi ki pa bwè mete lèt nan rejim alimantè yo pap fè byen ak kò a menm paske zo yo bezwen kalsyòm pou yo fonksyone
Pa fè sèks
Chak tan timoun yo ap grandi medam yo gen tandans pa enterese fè sèks yo konsidere sèks sete nan laj pi jèn yo,nou konnen gen travay,okipasyon kay ,men sèks la dwe nan lis pwiyorite yo,yon moun dwe kenbe aktivite seksyèl li stab menm si lap antre nan laj
Bwè twòp alkòl
Nou konnen l deja twòp alkòl pa bon pou kò a,pa plis ke yon vè pou medam yo,pa blis ke 2 vè pou mesye yo