Toujou bay mari w sipriz

Pa janm panse lè w fin marye mariw paka kite w. Se lè sa pou w bay plis afeksyon ak anpil lanmou viv chak jou se tankou dènye jou. Pafwa fè ti manje espesyal pou li menm ak ou. Voye timoun yo kay grann yo. Pase kèk bèl nwit san panse ak anyen ,konsa lanmou nou pap janm pèdi sans.

dine

Evite fè diskisyon ki pap itil nou anyen.Pase ti tan ak mari w ,nou dwe renmen youn lòt pi plis chak jou nou pa kon kilè nap mouri. Viv avèk senserite san manti. Chak jou w leve bat pouw fè l pase jounen an byen. Yo toujou di fi pale anpil men bat pouw yon modèl. Pa bay timoun yo plis enpòtans ke mari w,chak jwe yon wòl enpòtan nan viw.