Sèt etap pou evite abi seksyèl sou timoun

Se yon move zak ki pini pa lalwa,yon bagay ki ka make vi moun nan pou tout lavi plis pwoblèm moun nan ankò.Gen moun ki konn di”sa pap pase pitit mwen”pa bliye ou paka evite malè,li ka rive nenpòt moun,anpil nan nou rete kwè se yon pwoblèm izole ki paka pase bò lakay nou,poutan li ka menm pase andan lakay nou.Dapre yon nòt ki sòti youn sou chak kat tifi soufri abi seksyèl epi youn sou chak sis ti gason anvan yo rive nan laj majè yo,sa vle di gen anpil timoun kap soufri ansilans,20% nan timoun ki soufri abi seksyèl yo gen pipiti ke 8 lane pifò ladan yo pa janm di sa kap pase yo.

Chache konnen enfòmasyon yo:Paran yo se nou ki reponsab timoun yo,se nou men ki pou vijilan pou evite yon bagay mal pase yo,yon lòt bagay ankò se lè se youn nan fanmi yo kap fè bagay la sa vle di risk prensipal la se nan fanmi an,abizè a chache gen konfyams paran yo,pa bliye li ka nenpòt moun ou pata panse.Entènèt se pi gwo pòt pou abizè antre se poutèt sa nou dwe revize sa timoun nan ap fè sou nèt la.
127352304

Pale sou sa:Timoun nan kenbe sa pou yon sekrè,abizè yo manipile ak konfonn timoun yo,yo fè yo konnen se fòt yo,se yon jwèt,oubyen se yon bagay nòmal,yo ka menaze timoun nan menm di yap fè youn nan fanmil mal tou,pale ak timoun yo sou abi seksyèl,chache yon jan pouw fè yo konprann kèk bagay nan yon lang ki pa twò konplike pou yo jiskaske yo kraze baryè silans lan.

Rete vijilan:Nou dwe bay valè ak nenpòt ti chanjman oubyen plezi timoun nan ta genyen sou kòl sitou nan pati entim li,si pati entim li anfle,irite,enfeksyon,lòt bagay tankou doulè nan vant,siw wèl parèt enkyete,pè,depresyon,li vin rebèl,raj,egzijans,yon konpòtman ki ra,jès diferan lap fè ak kòl sa yo gendwa se siy lap bay.
?????????????????????????????
Depi ou konnen reyaji:Fè timoun nan diw poukisa li chanje konsa,sa kap pasel,montre ou pa kontan ak konpòtman l nan jou sa yo,pozel kezyon jiskaskew rive sou saw pi bezwen an,ou pa janm konnen li ka vin pale baw,pa fè anyen ak fache se vi timoun nan wap chache sove.

Aji lèw sispèk yon moun:Sispè a pè depiw dekouvril se kouri al lapolis gendwa sa se sèl chans ou pouw sove,siw pè deklare ou menm al vè sèvis sosyal pou pwoteksyon pou timoun ak yon sant sante pou yo ka bay timoun nan swen.

Patisipe:Nou ka lite kont abi seksyèl la,pa egzanp apiye lwa ak òganizasyon ki kont abi seksyèl kont timoun.

Pa janm bliye ou se paran se pa lè pouw ap dòmi ou gen mayi nan solyèl,pitow pote plis atansyon pou demen ou pa kriye.