Sa yon gason ta dwe konnen anvan l chwazi yon pafen

Swiv konsèy sa yo nan moman pou w chwazi yon pafen
Pafen ki ale ak ou
Premyeman wap bezwen konnen ki kalite pafen w renmen pou sa wap bezwen konnen tou ki diferan pafen genyen ki gen yon pousantaj wo nan sitwon,mandarin,fèy,kanèl,vaniy,fwi,fèy mant.
Dezyèmman eseye odè a sou po w.Sa fondamantal paske pH w ka varye sant lan,se pa tout pafen ki ale ak moun menm sil te vann chè
Twazyèmman dènye etap se eseye sant pafen patnè w oswa yon zanmi.Opinyon yon lòt moun ede anpil nan moman pouw chwazi
bathroom-1432362_960_720
Pou lajounen kou lannwit
Menm jan gen pafen pou tout okasyon,genyen tou pou nenpot lè,lajounen se pafen fwi,sitwon elatriye paske yo swa,kenbe w frèch,lannwit menm se pafen ki pi entans.
Dapre tan an
Sil fè frèt ou ka mete pafen entans oubyen swa,sil fè cho anpil siw vle sant lan dire plis,se pafen ki entans pou w mete
Okazyon espesyal
Gason toujou ap chache yon pafen ki santi bon anpil sitou lè yap koze ak yon fi,pou yon randevou travay,li tap pi bon yon pafen swa,nan pwochen randevou a,li tap pi bon siw itilize yon pafen entans,sak enpòtan se pouw santi bon,se pa pouw al kite sant ou dèyè