Sa pouw fè pouw pran zwen fanmiw ak tèt ou depi jodia?

Sansiblite paran se yon bagay ki enkonparab pou timoun yo,Lèn renmen yon moun anpil nou toujou vle poun ta wèl kontan sa pa vle di poun bal tout sal bezwen nan lèl bezwen l lan,men se poun bal pi bon yo.Pafwa tan konn fè n preske bliye chaj nou oubyen wòl nou jwe nan yon fanmi.Se poutèt sa nou pote kèk lide pou ou jodi a pou wè kòmanw ka jere pwoblèm sa.

Fwi ak legim:Gen anpil timoun tankou granmoun ki pa renmen manje fwi ak legim pou gou yo,yo plis retwouve yo nan pòmdetè fwi,chokola anpil lòt bagay ankò,li enpòtan poun manje fwi ak vejetal poun ka balanse alimantasyon an.
zana

Pwoteje tèt ou ak fanmiw:Tout moun ap chache sak pi bon sitou nan kesyon sante,se poutèt sa ou bezwen fè asirans pou santew ak fanmiw,chache yon pedyat pesonèl pou nenpòt pwoblèm ou ta vin genyen ak yon timoun ak yon Dòktè pou fanmi an.

Espò:Li tap bon sin fè espò nan fanmi an,fè yon pwogram lè tout moun la,paran yo sipoze yon egzanp,al jwe foutbòl,al nan pisin,danse yon ti tan nan kay la sa ap ede paran yo tankou timoun yo,lè yon moun fè èspo li evite anpil maladi ak obezite.
DSC_4791

Lekti:fòn ankouraje timoun yo li pou konesans yo ka vin plis,kòmanse ak lekti ki pi fasil yo sa ap edel wè lavi a yon lòt jan,ou ka fèl li yon liv chak mwa men pa ale twò rapid avèl poul ka renmen sa lap fè a.

Manje:kwit manje ki ansante,pa mete anpil lwil,li pa bon pou yon timoun manje pwodwi chimik yo chak jou tankou mayonèz yo ka vin bal pwoblèm,fòn pran zwen timoun yo byen depi premye jou nan vi yo.Pa fè manje ki lou nan nwit yo pap gentan dijerel,aswè nou ka plis manje yon ti pwason anba fou,fwi,vejetal,pen ble.

Kominikasyon:Lè yon moun mariw oubyen pitit ou sa pa vle di kew konnen yo byen,pou tèt sa nou dwe gen plis konvèsasyon ak yo pa pase tout tan ap gade televisyon poun pa pèdi kominikasyon nan mitan nou.

Voyaj:Bat poun toujou fè yon ti voyaj ak fanmi n li te mèt yon fwa nan ane a
Karès:toujou bay fanmi an karès pa kite se lè yo mouri oubyen voyaje al nan yon lòt peyi poun pa regrèt sann pat gentan fè avè yo,toujou pase men nan tèt yo,koke yo,fè yo santi yap viv.