Risk ki genyen siw ansent yon ti gason

Li enpotan pou yon moun konnen ki seks timoun nan ap ye.Nan yon envestigasyon ki fèt nan peyi Ostrali siw ansent yon ti gason gen anpil riks pou soufri preklamsi,dyabèt,akouche anvan lè.

Yo jwenn 24% ti bebe gason fèt nan semen 30 ak 33 ,17% nan semen 34 ak 36 epi 27% nan semèn 20 ak 24.4% nan manman sa yo devlope dyabèt jèstasyonèl.

Syantifik yo inyore kòz egzak la,yon ipotèz montre ke sistèm iminitè a pi fò si sèks ti bebe a se fi,ti bebe gason yo chanje plasenta ki vin favorize konplikasyon sa yo.

Sa pa vle di pouw antre nan panik siw ansent,sak enpotan se pouw toujou al lopital pandan w ansent lan,depiw gen malèz kouri al wè doktè w.

Pran swen w ak timoun wap pote a se pi bon bagay ou te ka fe.Jwi bèl etap sa a