Remèd natirèl pou bote,yo efikas anpil

Men si mayonèz se yon bon remèd pou cheve sitou pou cheve ki sèk ak tout sa lèw di yon moun sa li toujou sezi,paske anpil moun pa konn si yo metel nan cheve tou,nou pote lòt remèd natirèl pou ou jodia.

Kisa yo ye menm?
Lay:Li bon pou bay zong fòs pa gen anyen ki pi bon ke lay nan sans sa,anpil kitèks se ak bas lay yo fèt tankou ajan pou fòs,pouw ka fèl lakay ou,kraze yon grenn lay byen fen apre metel nan bas wap sèvi a nan kèk jou wap wè yon diferans nan zong ou sil te frajil.

Ail
Ail

Mayonèz,lwil oliv,ze:Si gen 3 engredyan kap transfòme cheve sèk san vi yon lòt jan ou pat jan imajine se mayonèz,lwil oliv,ze.Ou ka melanje yo ansanm pouw fè yon mask 2 kiyè mayonèz,1 kiyè lwil oliv,2 gle ze pasel nan cheve a kitel fè 1 èdtan oubyen fè chak apa remèd sa se kle pou cheve sèk.
86ff0cccea79d71ff39b2914b813f7a1

Dlo frèt:Nou konnen pa gen anyen ki pi bon gen yon beny dlo tyèd men se pa chak jou pouw pranl paske sa ka afekte elastisite po a.Siw bezwen bèl pye oubyen yon vant fèm kite dlo frèt la koulè 5 minit sou pati sa yo,wap wè diferans lan.water-435847_960_720

kiyè glase:Mete 2 kiyè glase apre tape yo kote ou genyen ki anfle nan kò w la se yon remèd ki pa janm fayi,siw tap kriye oubyen ou leve ou pa konpran figiw mete 2 kiyè glase pou 15 minit.Retire epi mete yo kote ki afekte a pran pòz chak 20 segond.
unnamed (4)
Nou gen anpil ti trick pou ou,jodia nou kitew ak sa yo ki ap itil ou anpil.