Pye yo

Moun komanse ap marye ak soulye pla nan nouvo tandans,se pa tout moun ki mete soulye wo kounyea tout sa depan de gou chak moun,lontan fi a toujou paret pi wo ke neg la ki pa fes sans ke reyalite neg la pi wo ke fi,men kob soulye fi a telman wo li fe yon gwo diferans.
Pou gran jou sa bagay yo ka chanje ak yon ti senp jes tankou chwazi dwal orijinal ak soulye plat.Kèk nan benefis yo se:
Wotè:Pifo fwa yo jan nou diw la fi a pi ke gason an nan jou maryaj la,sa se yon pwoblem,men si yon moun deside chwazi yon soulye pla tout pwoblem sa ap fini,gen fi ki konn wo anpil ak tout sa yo mete talon.
Konfò:Evite tout kalite anpoul ak blesi siw itilze sandal pla,ou pap gen pou chanje l pandan fet la
Pi bon souvni:Yon soulye talon yon moun marye ka fe tout tan nan plaka,chwazi yon model san san talon ki pa telman alamod,ou met rete kwe wap retounen mete anko apre maryaj la,chak fwa wap mete l wap sonje pi bel jou nan vi w la.
Mete yo:Ou gendwa te we yon bel talon,mete nan tet ou se pou legliz,danse ak yo nan fet la,konsa ou ka rive pase tout nwit lan avel ou pa janm konnen,men se pou sel nwit la paske lap difisil pouw mete l apre.
images
Chwazi kèk soulye espesyal:Chwazi sandal kap few santi w byen,sitou si rad la long anpil pa gen moun kap we ki soulye ki nan pye w,wap santiw tankou yon prenses anpil moun pral mande w kijan w fe bel konsa,ou pa dwe santiw raz ak sandal wap marye a,melanje stil klasik la ak tandans epi wap toujou renmen l.
Chofe pye yo:Eseye sandal la yon semen anvan maryaj la,sak pi enpotan se mache ak li nan kay la pouw ka abitye,pou le jou a rive pouw pa gen pwoblem.
Ou dwe prevayan:Ou dwe mezire sandan la ak rad la,longe a depan de yo,epi li enpotan pouw chwazi yo sou kalite maryaj la paske yon maryaj an pwovens pa menm jan ak yon maryaj nan vil,men jan yon maryaj bo lanme,nan janden,pa menm tou ak yon maryaj nan legliz.Fe atansyon talon sitou si yo pwenti,yap antre nan zeb la.
Pa tuye tet ou nan chache soulye blan,sa fe yon bon tan,yon moun ka met plizye koule pou yo marye.
shoes-1140648_960_720