Pwoteksyon kont maladi seksyèl

Yon fwa ke ou komanse fè Sèks ou sipoze pwoteje tèt ou pa janm bliye mete kapòt maladi pa ekri nan figi moun. Chache konnen ki vaksen ou ka pran pou evite kèk maladi seksyèl menm si w toujou mete kapòt. Lè moun fè sèks nan bouch se yon fason ou ka atrape maladi seksyèl epi li kòz kansè nan gòj.

foto5

Aprann konnen pati nan kò w konsa wap kap wè nenpot chanjman tankou ti bouton, eripsyon,lè pipi a gen sant ,ak enflamasyon.
Pale ak mennaj ou ,mande l si l pa gen malèz, ,aprann pwoteje tèt ou ak lòt yo tou. Maladi seksyèl se pa yon jwèt li ka kòz kansè ak lanmò si w pa pran byen bonè.