Retounen ak yon moun ou te ye anvan sa pa vle di ke sa ap mache,pafwa gen de relasyon se pwazon yo ye ki koze anpil pwoblem,viktim nan konn pa menm gen espwa pou viv ankò.Konsa tou sa ka rive li mache.
Gen yon envestigasyon ki fèt yo jwenn 71% gason ak 52% fi,ki retounen ak ansyen mari yo,men se pa pou lanmou se jis pou yo pa rete pou kont yo epi santi yon sèl.
Nou pral diw poukisa ou pa dwe retounen ak ansyen mariw
1.Li pral yon echèk total:dapre yon etid Inivèsite”Kansas”yon relasyon ki toujou gen anpil pwoblèm ladan,pa gen kominikasyon,pa janm gen yon desizyon positiv,nan yon sans pa gen fiti.Si nou te kite pou tout pwoblèm sa yo pa gen rezon pou wap panse ak moun sa menm siw renmenl,se tèt ou wap fè mechanste la.
2.Li paka simonte yon doulè:doulè se yon bagay nòmal,kote tout moun pase ladan se sak fè nou konn rive fini ak yon relasyon menm si nou renmen moun nan kòz yon bagay li te fè ki toujou ap fè nou mal,imajinew wal rive bay moun sa yon chans,eske w pap toujou viv ak bagay sa nan tèt ou?konsa sa ka rive se sèl byen an ou sonje men gen anpil dout pou doulè sa retounen.
3.Anvan tout bagay bat pouw resoud pwoblèm ak pè:si rezon ou vle retounen ak ansyen mariw se pou resoud sak te pase nou pa panse sa ap yon bon bagay pou nou youn nan,paske diskisyon ka mete pye,siw vle retounen se bliye sak pase,pa fè sa pouw ka tire revanch.
4.Sak pase tou pase:nou pa dwe viv ak rankin,ogèy poun pa toujou ap sonje yon mal,kèn pap janm kontan depi pa gen lanmou,tann ou simonte pwoblèm nan apre wa panse retounen ak moun sa ou te renmen an,siw diw bliye sak pase a poukisa li toujou lap fèw mal jiskaprezan.
Pa bliye evalye sitiyasyon an epi gade byen siw ka retounen ak ansyen mariw,li tap bon siw fè yon lis sak bon ak sak pa bon de moun nan.Sak enpòtan se bonè w,chwazi sak fèw santiw byen,menm si nou fè tout ti pale sa ak ou men se ou ka konnen si pou retounen ak ansyen mariw oubyen non.