Poukisa medam yo renmen chanje”look kapilè”chak tan

Ou panse konbyen fwa w koupe chevew oubyen konbyen kout peny ou pran anvan 2 mwa?
Wap jwenn youn nan bagay sa yo kanmen ki konn fèw ap plede chanje stil
1. Pou annwi
Nesesite pouw chanje chak tanw bouke wè w menm jan an,se toujou menm imaj la,sa gendwa se youn nan rezon ki komen yo
2. Pou tandans
Se vre nou renmen swiv mòd ,ak cheve nou tou se pa sèl rad nou chanje,gen yon tan se koup,yon lòt se koulè,kounyea se natirèl,pafwa nou konn menm regrèt sa n fè a.
3.Pouw ka jwenn pwop ou menm
Ou toujou wè w ak menm look la chak jou kote w pa tèlman santi w alès ak li,pafwa ou anvi chanje pou leve visaj ou,gen yon dènye chanjman w fè,ou wè se li ki fèw byen.
4.Apre yon separasyon
Yon lòt rezon ankò,depi moun nan separe li bezwen poul pi fre nan tout bagay pafwa gen fi ki fèl ak entasyon pou lòt moun nan ka wèl,konsa gen lòt ki fèl jis poul rekòmanse a zewo poul ka bliye pase.
5.Pou bezwen
Sa pa yon rezon womantik,moun nan gendwa chanje look paske li anvakans,oubyen l pral vwayaje,konsa tou yon bagay gendwa pase cheve a li deside chanje.
6.Pou yon anivèsè espesyal
Ou konn sa deja chanjman nan 19 ak 20 lane ,kris 29 ak 30 lane san manke dram 39 ak 40 lane nan laj sa yo moun yo pa janm vle fete ak menm look la.
7.Pou maryaj
Ou kite cheve w pouse jiska lenfini pou fè yon bèl penyen jou sa,apre lindemyèl ou chanje stil,ou komanse vi maryaj la ak yon nouvo look.
8.Aprew fin fè pitit
Premye mwa akouchman yo pa janm fasil se poutèt sa medam yo toujou penyen anvan akouchman,si non sa kap pi fasil pou li se tann li fin akouche epi mete pèmanant,apre akouchman cheve a gen chans tonbe ak chanjman omon yo.
9.Pou ranfòse konfyans
Moun ki timid anpil yo,bezwen yon pouse pafwa tankou yon chanjman look pou fèl parèt yon lòt moun,li ka santil dwòl,men lap rive pa abitye ak stil la.