Poukisa li bon pou yon moun fè sèks nan maten?

Benefis ki genyen nan fè sèks nan maten
1.li kontribye nan bèl po ak cheve lèw fè sèks nan maten, ògàn yo degaje yon pwodwi chimik ki monte nivo estwojèn yo, ki amelyore kò ak cheve ,sanw sikile pi byen pandan wap fè seks, li pote oksijèn nan po a li fèl figiw parèt briye epi se yon nitrisyon pou cheve yo.

2. nivo Testostewòn yo pi wo nan maten ,sa ede gason an bay pi bon pèfòmans.

3.dapre rechèch yo fè montre ke lèw fè sèks nan maten ou degaje yon pwodwi chimik ki rele “oksitosin” ki fèw santiw ret konekte ak mariw pandan tout jounen an nenpòt kotew ta ye se avèl wap panse aprew fin pase moman sa.

sex
4.Diminye risk kadyovaskilè,yon etid inivèsite” Queens en Belfast”fè yo wè ke gen mwens risk kadyak si gason an fè sèks 2-3 fwa nan semèn nan sitou nan maten.

5.sistèm iminite,lèw wap fè sèks sistèm iminite a pwodwi yon antikò ki tankou yon likid ,yon baryè pou anpeche maladi kontajye antre nan kò a.