Ou ansent?nou pral diw saw pa dwe fè

Moman gwosès la espesyal pou anpil fi,gen anpil bèl bagay kap pase nan tan sa men pouw kenbe yon gwosès gen anpil bagay ou paka fè tankou:
1.alkòl:li ka lakòz pwoblèm nan kwasan ti bebe a,difikilte poul gwosi,ak pwoblèm konjenital.
2.fimen:pou byen tèt ou ak tibebe a ou pa dwe fimen,wap mete vi timoun nan andanje.
FotoNo.fuma_
3.dwòg:pa pran dwòg selsi doktè ou ta baw yon medikaman .
4.egzèsis:egzèsis se sante ak lavi,pandan gwosès la li trè itil men se pa tout egzèsis ki bon pouw fè mande doktè ki egzèsis pouw fè.
FotoNo.3ejercicios
5.manje kri:pa manje manje kri,evite manje bagay kri sa ka fèw pèdi timoun nan oubyen yon malfòmasyon konjenital

jwi moman sa nan viw pran swe tèt ou ak tibebe a pouw ka pase yon bèl gwosès.Kosèy yo senp men siw aplike yo wap byen akouche.