Netwayaj nan kay ak enpòtans li

Anpil moun pa bay enpòtans nan chanje oubyen netwaye bagay yap itilize chak jou yo tankou,dra,sevyèt,kapèt,eponj,tòchon,ak bwòs dan.
Chak kilè nou dwe chanje oubyen netwaye bagay nap sèvi chak jou yo?
Rad kabann yo tankou sak zòrye,dra,fouwo yo kenbe tout kalite mikwòb,kote nou jwenn pousyè,bakteri,dlo kò,pousyè e menm cheve ak lòt salte se poutèt sa li enpòtan pou nou lave yo chak semèn,sil posib menm mete dra yo pran solyèl ki ap eden detwi bakteri yo.
bed-sheets-314755_960_720

Sak zòrye:Yo dwe chanje chak 3 jou paske gen bav ki tonbe sou yo menm si se pa tout moun ki bave men lèw gen yon bon fatig ou pa janm konnen nenpòt moun ka rive bave.

Sèvyèt beny:Pa panse paske w itilize sevyèt la lèw fin benyen sa vle di li pa sal,sevyèt beny yo kenbe imidite,bakteri selil mò kò nou,ke apre sa ki ka bay enfeksyon.Sevyèt yo kenbe vye odè ak salte,yo rekòmande pou sevyèt la lave apre 4 fwa yon moun fin sèvi avèl epi ak dlo cho,chak tanw fin benyen pa bliye mete l nan soyèl.

sheets-72155_960_720

Kapèt douch ki fèt an dwal:Yo kenbe anpil imidite,bakteri ak salte se poutèt sa li bon poun lave yo chak 2 semèndownload

Tòchon:Se ak yo nou siye kouto,fouchèt,kiyè,asyèt,fou,ak kizin,yo eden fè tout bagay rete byen pwòp nan kizin nan pandan sa yo kenbe anpil bakteri,pou elimine tout bakteri sa yo genyen an se pou nou chode yo nan dlo cho lè nap lave yo.putz-bucket-1290951_960_720

Nou ta renmen konnen kijan ou kenbe bagay wap sèvi lakay ou a,eske ti konsèy sa itil ou?