Menm si lapen an pa bezwen menm atansyon ak chen an,sa pa vle di poun pa pran swen l sitou nan moman nan chalè,bèt sa yo gen anpil plim,lè gen anpil chalè yap bezwen atansyon mèt yo.
Depi fe 27 degre nou pa bezwen diw yon tanperati ki pi wo ke 30 degre lapen an pral kòmanse gen pwoblèm nan nivo tanperati sa yo
Sa wap remake nan li
Ou ka wèl pa tèlman bouje,li rete yon sèl kote,gonfle ti kò li
Wap wè l plis bò plastik ki nan kaj li la poul ka jwenn freche
Le w gen difikilte pou respire
Li rete bouch ouvri
Lè l pa gade okenn jès wap fèl
Li ka rive fè konvilsyon sa ki lakòz lanmò li

Li enpòtan pouw toujou ap siveye lapen an nan sezon anpil chalè.Si w wè nenpòt nan sentòm sa yo,se kouri mennen l kay veterinè imedyatman.Si w wè li pa rive nan sentòm sa yo,men li gen konpòtman diferan,kontwole tanperati l,touche zòrye li.Lapen bay chalè nan pati sa yo,se poutèt sa li enpòtan pou mèt li toujou ak touchel
Yon fason ou ka ede lapen an se mouye zòrye li ak yon dlo ki pa twòp frèt men fre pou tenperati Kò l ka desann,ou pa bezwen vide dlo sou li se jis mouye men w epi pase sou li apre yon ti tan wap wè tanperatil vin nòmal,ou dwe kenbe bèt la idrate,yon lòt bagay ankò se mete yon boutèy plastik dlo konjele andan kaj la konsa la degajel ak li,se yon fason poul bay tèt li freche pou kont li.
Toujou kite dlo pou li ka jwenn poul bwè,chak tan chanje dlo a,voye ti dlo sou li chak tan wap pase bò kotel,lè solèy la twòp cho pa mete l deyò,li tap pi bon siw gen yon jaden,balkon ki gen flè poul rete
