Lalwa pou po chen

Lalwa ede kò a vin nòmal se poutèt sa li bon pou po ak ògan entèn yo,se konsa nan chen li ka geri maladi entèn ak ekstèn tou
Poukisa lalwa bon?
Lalwa gen anpil vitamin A,B,C,E,kabon,asid amine, mineral tankou kalsyòm, mayezyòm, zenk, potasyòm,fosfò oswa fè,anzim, dlo ak asid.Prensipal fonksyon lalwa se estabilize sak pa bon nan kò a.
Pwopriyete ak benefis lalwa pou po chen
Itilize lalwa sou po chen pap janm bay pwoblèm,li gen anpil benefis pou chen,tankou:
Alèji:alèji ka fè pou chen an ap pikel oubyen anfle,kòm lalwa gen pwopriyete kont enflamasyon,idratan epi renouvle selil yo,pa neglije pase lalwa sou chen an ,siw wè l nan yon sitiyasyon konsa.
Po anfle:li pwodwi lè dèm nan anfle,li ka yon rayaksyon alèjik ,si yon bèt mode l,enfeksyon oubyen iritasyon ak yon pwodwi toksik,se poutèt sa pwopriyete lalwa genyen ki kont enflamasyon an,bon pou trete malèz sa yo.
unnamed (33)
Pèt cheve:sa a ka rive akòz blesi, enfeksyon oswa maladi,men pwopriyete reparasyon nan lalwa a kab patisipe nan rejenerasyon selil nan po chen nou yo, epi cheve yo ka retounen pouse ankò.
Blesi:kapasite rejenerasyon plant sa pral ede geri blesi nan chen nou yo.Anplis,li pral pwoteje l kont enfeksyon bakteri ak viris
Sikatris:piske lalwa ka repare domaj nan nivo selil ,se konsa li kapab trete tout nouvo ak ansyen mak sou bèt la
Lòt benefis ak pwopriyete lalwa se:
Repare ogan ki gen pwoblèm yo ,sitou sil gen pwoblèm nan fwa,bal bwè ji lalwa lap dezentoksike ògàn lan ak repare l,ekilibre òmòn chen yo,ede nan bon fonksyonman òganis lan.Li frennen kwasans selil timè yo,li ede nan pwoblèm dijestif ak entesten ,si chen an pa gen apeti,dyare,lap vomi oubyen li gripe lalwa ap ameryore tout bagay sa yo.