Krèm gato:li gou epi fasil pou prepare

Anpil moun panse prepare yon krèm gato oubyen fè yon gato se bagay yon lòt mond li ye,men se yon bagay ki fasil anpil jis wap bezwen pouw eseye.
se poutèt sa jodia nou vle pataje ti resèt sa avèk ou.
Lè wap fè yon bagay sekrè a “se poul soti byen”
kisa wap bezwen?
Engredyan:
FotoNo.2ingredietes
100 gram sik
1 lit lèt
25 gram bè
1 kiyè esans vaniy
500 ml lèt konsantre
6 jòn ze
400 gram maizena
1bout kanèl
1 kiyè sitwon graje
Preparasyon:
Etap1:Mete lèt la chofe ansanm ak sitwon an,kanèl,esans,lèt konsantre a ak bè.
Etap2:Melanje sik la ak farin nan,maizena ak jòn ze nan yon bòl
Etap3:Lè lèt la fin bouyi melanje etap 2 a epi bwasel jiskaske li vin epè
Etap4:Metel frèt yon kote,apre metel nan frijidè pouw ka sèvi lèw bezwen
ak sèlman 4 etap sa yo,ou gen yon krèm gato byen gou.
Nou espere ou renmen resèt la.