Koup: kouman yo dwe aksepte enpèfeksyon yo?

Si tout moun te pafe vi a tap raz,le n damou nou panse moun sa sot nan syel oubyen li san defo,men pa bliye se lom li ye,moun te gendwa toujou gen defo piske nou damou nou pa pote atansyon ak sa jiskaske l vin manifeste l le gen yon bagay ki pase.
Kijan w ka aksepte enpefeksyon patne w?
Respe
Si pa gen tolerans ak respe nan yon relasyon li pap fonksyone,pou n aksepte lot la nou dwe gen sa presan.
Fè egzèsis senpati
Le nap panse ak sa nou pa renmen nan moun nan jis fe yon pwòp kritik sou tèt ou,ou paka pretann pou patne w chanje kote ou menm pa pre pou chanje sal paka sipote nan ou tou.
Pa chanje fason ou yo ye
Ou pa dwe janm chanje moun,men gen jan pou pale ak moun pouw ekplike l bagay li fe ki pa fe w byen san antre nan pesonalite youn lot
Objektif
Nou dwe gen yon objetif piske nou konnen pa gen youn lot ki pafe,reflechi sou sa nou paka antann nou an,eske l ka chanje oubyen nou ka fe yon jan poun tolere l.
Tolerans
Fok gen yon ti tolerans anplis ,gendwa apre yon jounen travay,nenpot bagay patne w diw ou santiw irite,pran bagay yo ak kalm panse li la pouw sil we w pa byen fok li ka mande w saw genyen.
Fomil ki genyen pou yon relasyon fonksyone nomal genle pa gen moun ki genyen paske nou tout gen bon ak move bagay ,men sak bon nan relasyon an se viv ak feblès epi defo lòt la pou rive renmen l san pwoblem.