Pou jwenn lanmou
1.Gen linèt pou geri moun ki damou fou,pote atansyon epi obsève moun wap fou pou li a
2.Pa kite yon gason vin ranpli vid ou,ou ka fèl pou kont ou
3.Si yon gason diw li pa prepare poul antre nan yon relasyon,se paske li santi l pa prepare pou sa,pa antre tèt ou anba l pou di mwen kwè lap chanje lide.
4.Si w vle geri oubyen sove moun,etidye medsin oswa enfimyè.Pa eseye” geri “patnè ou,sèl li,ki ka fè l
5.Pa koute sa yon gason ap di,gade aksyon l pito
6.Yon moun ki pa chache konn kote w ye pa entèrese,yon moun ki reyèlman vle,kapab

Pou lanmou ka rete
7.Renmen se pran risk(Aksepte gen posibilite pou fè mal oswa yo fè w mal)
8.Moun ki renmen vole,kouri epi rejwi,li kontan pa gen anyen ki ka anpeche l
9.Siw presyone m poum di w poukisa mwen renmenw,sèl sam ka di se paske se te ou epi se te mwen
10.Pa bliye tèt ou,toujou fè w bèl,toujou santiw bèl,dil pa bliye tèt li tou
11.Yon lanmou ki pa mati di”mwen renmen w paske m bezwen w”youn ki mati di”mwen bezwen w se sak fèm renmen w”
12.Absans diminye pasyon medyok,li ogmante bon souvni,men jan van etenn balèn,men li se manje pou boukan dife
13.Yon gason pa konn saw gen nan tèt ou siw pa dil anyen.Pale! tout bagay se kominikasyon
14.”Nan renmen gen de bagay:kò ak pawòl.”

Pou kite lanmou ale
15.Si se sèl ou ki kenbe relasyon an,men sa pa yon relasyon
16.Wap pèmèt yon moun ou rayi viv nan tèt ou,san l pa peye lwaye
17.Anpil nan nou panse viv ak yon mal se sak ka´p rann nou fò,kite l ale se lè sa wap vin fò.
18.Kitel ale pa vle di ou pèdi,ou jis aksepte gen de bagay ki pa dwe fèt
Kiyès nan konsèy sa yo ou viv deja?pataje ak nou.