Tristès se yon santiman ki pa enfliyanse sèlman ak moun kap soufri l la,men li afekte nenpòt lòt moun ki bò kote moun nan tou.Pa gen yon medikaman ki ka geri tristès nan nanm otomatik,men se yon bagay ki geri ak pasyans.
Men kèk konsèy ki ka soulaje tristès
1.Nan premye plas,tout doulè bezwen yon tan pou ale,tristès la toujou vin yon lè nou pat menm panse se pou tèt sa tou li bezwen tan poul ale.
2.Pigaw femen tèt ou nan yon pandri lèw tris,kite mari w,pitit ou,fanmiw ak zanmi w pran swen de ou,tristès gen yon koulè janti paske ou toujou jwenn moun kap baw fòs nan moman.
3.Tristès oblije n gen yon ritmo diferan,yon konpòtman ki pa menm jan ak lè kèw kontan
4.Toujou gen ti plezi ou ka kreye epi fè pouw pa kite doulè fini avè w,monte bisiklèt,al nan sinema,visite yon zanmi, al nan restoran ou pa bezwen moun ki pou edew fè sa.

5.Chache sak pi komik nan lavi a pouw ka eseye sòti nan chemen nwa sa,pou w ka geri maladi sa ki nan nanm ou an,evite gade fim ki tris.
6.Li enpòtan pouw pale anpil de janw santiw la,epi janw ta renmen ye,si w pa vle rakonte moun sa kap pase w la,ou ka jis ekri yo,li bon pou w anime w epi pataje santiman w ak yon bon zanmi.
7.Lè nanm nan tris,li rive paralize vi yon moun,li tap bon pou w kontakte yon pwofesyonèl.Apre tout bagay toujou gen konfyans nan tèt ou,chache gen zam enpòtan pou afwonte sitiyasyon sa,zam ki pwisan se fòs ak volonte ki gen pouvwa pou transfòme mond pa w la positiv.
Toujou kòmanse jounen an ak yon souri,se ou ki pou premye chache bon chemen pou vi w